Pafwa mwen panse nou twò prese pou nou abandone, oubyen nou gade Bondye nan fason natirèl la epi non pa nan fason sipènatirèl la. Byen souvan, moun limite tèt yo nan panse yo. Yo pa panse yo p ap janm reyalize rèv yo. Yo kòmanse panse yo pa gen talan, koneksyon oswa lajan. Yo pa panse yon maryaj ka janm retabli oswa yo p ap janm soti nan dèt. Men, kalite panse sa a soti nan gade Bondye ou a atravè je natirèl.
Nou dwe sonje ke Bondye se yon bagay sipènatirèl. Se pa paske nou pa wè yon chemen, sa vle di Bondye pa gen yon chemen. Bondye ka pote yon opòtinite sou chemen ou ki pral pouse ou nan yon nouvo nivo. Li gen benediksyon eksplozif ki ka fè ou soti nan dèt epi fè ou vin an abondans! Li ka fè sa syans medikal pa ka fè! Alelouya!
Jodi a, mwen ankouraje w pou w retire limit nan panse w. Leve je w gade Jezi, Otè ak Pèfeksyonè lafwa w la. Fè konfyans ke L ap travay pou ou, epi L ap jwenn yon solisyon pou tout bagay. Sonje byen, sa w ap fè fas a ka sanble enposib ak lòm, men lè Bondye mete "siperyè" li sou "natirèl" ou a, tout bagay posib!
“…M ap louvri yon chemen nan dezè a. M ap fè larivyè nan mitan tè sèk la.” (Ezayi 43:19)
Ann Priye
Yawé, mèsi pou benediksyon eksplozif ou yo nan lavi mwen. Mwen envite w pou ede m wè bagay yo nan sinatirèl la an kontras ak natirèl la. Ede m retire limit ki nan panse m ak lafwa m pou m ka wè ak yon nouvo pèspektiv sinatirèl. Papa jodi a, mwen chwazi leve je m sou ou, nan non Jezi, Otè ak Pèfeksyon lafwa mwen. Amèn!



